Haitian Creole Bible

Proverbs 25

Proverbs

Return to Index

Chapter 26

1

 ¶ Menm jan moun pa bezwen tann pou fè gwo fredi nan sezon chalè, ni pou lapli tonbe nan sezon rekòt, konsa tou, moun san konprann pa bezwen tann pou yo fè lwanj li.

2

 ¶ Madichon pa ka fè ou anyen si ou pa antò. Se tankou ti zwezo k'ap vòltije sou branch bwa, ziwondèl k'ap vole nan syèl la yo ye.

3

 ¶ Fwèt pou chwal, baboukèt pou bourik, baton pou do moun ki san konprann.

4

 ¶ Pa reponn moun sòt yo menm jan yo pale a, pou ou pa parèt sòt menm jan ak yo.

5

 Reponn moun sòt yo dapre jan yo pale a, w'a fè yo wè se moun sòt yo ye.

6

 ¶ Yon moun ki voye yon moun sòt fè komisyon, se tankou si li te koupe janm li. Se traka l'ap chache bay tèt li.

7

 Yon moun ki san konprann sèvi ak yon pwovèb menm jan yon moun bwete sèvi ak move janm lan.

8

 Fè lwanj yon moun ki san konprann, se tankou si ou te mare wòch la anvan ou tire fistibal la.

9

 Yon moun san konprann k'ap bay yon pwovèb, se tankou yon moun sou k'ap chache wete yon pikan nan dwèt li.

10

 ¶ Patwon ki pran nenpòt moun san konprann osinon nenpòt moun k'ap pase nan lari pou travay pou li, se yon danje pou tout moun.

11

 ¶ Menm jan yon chen tounen vin manje sa li vonmi, se konsa moun san konprann yo ap toujou fè sa y'ap fè a.

12

 ¶ Gen plis espwa pou yon moun ki san konprann pase pou yon moun ki mete nan tèt li li konprann.

13

 ¶ Parese a di: Gen bèt nan bwa sou wout la. Gen yon lyon nan lari a.

14

 ¶ Parese a ap vire adwat agoch nan kabann li, menm jan yon pòt ap vire louvri fèmen sou gon li yo.

15

 ¶ Parese a pran kiyè l' nan men l'. Men, pou l' leve l' mete nan bouch li, se yon pakèt afè.

16

 ¶ Parese mete nan tèt li li gen plis konprann pase sèt moun lespri ki konn sa y'ap di.

17

 ¶ Moun k'ap foure bouch nan koze ki pa gade l', se tankou moun k'ap rale ke chen li jwenn sou gran chemen.

18

 ¶ -(we vèsè pwochen)

19

 Moun k'ap mache twonpe moun, apre sa pou li di: Aa monchè! Se jwe mwen t'ap jwe, moun konsa tankou moun fou k'ap voye bwa dife ak wòch pou touye moun.

20

 ¶ Kote ki pa gen bwa, pa gen dife. Kote ki pa gen tripòt, pa gen kont.

21

 Chabon kenbe recho a limen. Bwa pa kite dife a mouri. Konsa tou, moun ki renmen chache kont toujou ap pouse dife.

22

 Tripotay dous nan zòrèy moun ki vle tande yo. Sa mache nan san yo.

23

 ¶ Yon moun ki gen bèl pawòl nan bouch li men ki gen move kè, se tankou bèl penti sou bwa pouri.

24

 ¶ Ipokrit ki rayi moun toujou ap bay bèl pawòl. Men, nan kè l', se twonpe l'ap twonpe moun.

25

 Lè l'ap pale konsa, ou pa bezwen kwè l', paske nan fon kè l', se mechanste ase ki genyen.

26

 Li te mèt kache sa, tout moun gen pou wè mechanste l'ap fè yo.

27

 ¶ Moun k'ap tann pèlen pou lòt se yo menm k'ap pran ladan li. Moun ki konmanse woule wòch la, se li menm ankò wòch la ap kraze.

28

 ¶ Fòk ou rayi yon moun vre pou fè manti sou li. Lè w'ap flate moun, se tèt ou w'ap fè tò.

Proverbs 27

 

 

 

Please Click the Ads.

Clicking the Ads helps us to keep this free Bible website open for everyone.

Thanks!

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com

 


Other Items are Available At These Sites: