Haitian Creole Bible

1 Chronicles 2

1 Chronicles

Return to Index

Chapter 3

1

 ¶ Men non pitit gason David vin genyen antan li te lavil Ebwon. Pi gran an te rele Amon. Se Akinoam, moun lavil Jizreyèl, ki te manman l'. Dezyèm lan te rele Danyèl. Se Abigayil, moun lavil Kamèl, ki te manman l'.

2

 Twazyèm lan te rele Absalon. Se Maka, pitit fi Talmayi, wa lavil Gechou a, ki te manman l'. Katriyèm lan te rele Adonija. Se Agit ki te manman l'.

3

 Senkyèm lan te rele Chefatya. Se Abital ki te manman l'. Sizyèm lan te rele Jitreyam. Se Egla, madan David, ki te manman l'.

4

 Sis pitit sa yo te fèt lavil Ebwon kote David te gouvènen pandan sètan sis mwa. Apre sa, David al rete lavil Jerizalèm kote li gouvènen pandan tranntwazan.

5

 Li fè anpil pitit gason la tou. Batcheba, pitit fi Amiyel la, fe kat pitit gason pou li: Chimea, Chabab, Natan ak Salomon.

6

 Li te gen nèf lòt pitit gason: Iba, Elichwa, Elpelèt,

7

 Noga, Nefèg, Jafya,

8

 Elichama, Elyada, Elifelèt.

9

 David te fè lòt pitit gason toujou ak lòt fanm kay mete sou sa yo. Li te gen yon pitit fi yo te rele Tama.

10

 ¶ Salomon te papa Woboram, Woboram te papa Abija, Abija te papa Asa, Asa te papa Jozafa,

11

 Jozafa te papa Joram, Joram te papa Okozyas, Okozyas te papa Joas,

12

 Joas te papa Amazya, Amazya te papa Azarya, Azarya te papa Jotam,

13

 Jotam te papa Akaz, Akaz te papa Ezekyas, Ezekyas te papa Manase,

14

 Manase te papa Amon, Amon te papa Jozyas.

15

 Jozyas te gen kat pitit gason. Pi gran an te rele Jokanan, dezyèm lan Jojakim, twazyèm lan Sedesyas, katriyèm lan Chaloum.

16

 Jojakim te papa Jekonya ak Sedesyas.

17

 Men non fanmi wa Jojakim moun Babilòn yo te fè prizonye a. Jojakim te gen sèt pitit gason: Chealtyèl,

18

 Malkiram, Pedaja, Chenasa, Jekamya, Ochama ak Nedabya.

19

 Pedaja te gen de pitit gason: Zowobabèl ak Chimeyi. Zowobabel te gen de pitit gason: Mechoulam ak Ananya, ak yon pitit fi, Chelomit.

20

 Li te fè senk lòt pitit gason. Se te Achouba, Ojèl, Berekya, Asadya ak Jouchabesèd.

21

 Ananya te gen de pitit gason: Pelatya ak Jechaya. Jechaya te papa Refaya, Refaya te papa Anan, Anan te papa Obadya, Obadya te papa Chekanya.

22

 Chekanya te gen yon pitit gason, Chemaya, ak senk pitit pitit: Atouch, Igal, Barya, Nearya ak Chafat.

23

 Nearya te gen twa pitit gason: Elioenayi, Izkiya ak Azrikam.

24

 Elioenayi te gen sèt pitit gason: Odavya, Elyachib, Pelaya, Akoub, Joanan, Delaya ak Anani.

1 Chronicles 4

 

 

 

Please Click the Ads.

Clicking the Ads helps us to keep this free Bible website open for everyone.

Thanks!

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com

 


Other Items are Available At These Sites: